dimanche 24 août 2025

Men ki moun Master Dji te ye !

 MASTER DJI: Biyografi yon Lejand

(Tèks ekri pa Mingolove Romain)


Georges Lys Hérard ke tout moun ta pral  konnen pita sou non "Master Dji" fèt 30 me 1961 nan vil Pòtoprens an Ayiti. Li se pitit Antoine Rodolphe Hérard ki te majistra Pòtoprens pandan yon ti tan sou Francois Duvalier. Papa Master Dji (Antoine Rodolphe Hérard) te sitou yon gwo animatè e repòtè (foutbòl) trè popilè nan Radio HH2S (Ayiti) ant 1936 e 1940, epi answit animatè e pwopriyetè Radio Pòtoprens (Ayiti) a pati de 1942. Radyo Pòtoprens se te estasyon ki te fè anpil pwopagann pou Francois Duvalier nan eleksyon 1957.

Master Dji, ke tout Ayiti rekonèt kòm papa rap kreyòl, te grandi nan yon atmosfè ki te pèmèt li devlope pasyon li pou mizik. Pwiske Radyo Pòtoprens se te pou papa l, sa te pèmèt ke, trè jèn, Master Dji te kòmanse montre enterè nan zafè animasyon nan radyo. 

Master Dji te kòmanse anime nan radyo a laj 16 zan. Se te nan Radio Pòtoprens an 1977 avèk yon emisyon ki te rele "Made in USA". Depi lè sa a li te gentan branche tout tandans mizik ameriken.

Se Master Dji ki te premye jwe mizik rap ameriken sou radyo an Ayiti. Sa te pase an 1979 e se te mizik ki rele "Rapper Delight" ke  gwoup Sugar Hill Gang te fè.

Apre etid primè ak segondè li nan Enstitisyon Senlwi Gonzag, Master Dji te antre nan Fakilte Medsin an Ayiti, men se te sitou pou fè paran li plezi paske se pa sa vrèman li te renmen. Aprè yon lane nan Fakilte Medsin, Master Dji te kite Ayiti pou l al pouswiv etid li an Frans. Men obsesyon li pou mizik ak radyodifizyon ta pral mennen Dji dwat nan mikwofòn Radyo Nova (an Frans) kote li te anime yon emisyon mizik.

Eksperyans Master Dji nan Radyo Nova ta pral konekte li plis ak tout kalite mizik, sitou mizik disko, ròkennwòl epi tou mizik rap/ipap ameriken.
Pandan li te an Frans, Master Dji te gen chans kolabore tou ak Radio Afrique # 1

Lè Master Dji retounen vin viv an Ayiti an 1983 li te anime emisyon WAML (With All My Love) nan Radyo Pòtoprens epi answit nan Radyo Metropòl kote nan yon premye tan li te konn kenbe pou JC International (Jean Camille) lè JC konn an vakans. Se te sèl animatè ki te konn ap DJ tou an dirèk pandan emisyon li. Tout gwo hit ipap, disko, fonk, wòkennròl nan epòk la, ou te ka tande yo nan emsyon Dji a. Pandan li te Ayiti, li te kolabore ak Radyo Frans Entènasyonal (RFI) e li te konn prezante yon emisyon pre-anrejistre sou Radio Kiss FM ki nan Nouyòk.


 Malgre epòk sa yo se mizik konpa, chansonèt fransèz, bolero, merenge ak mizik eslo ameriken ki te pi popilè an Ayiti, anpil jèn te gentan kòmanse fè foli pou lòt ritm tankou rege, ròkennwòl ak rap ameriken. Dji pa t ezite chache yon pè odas mete sou yon talan ak vizyon li pou li te brize limit sosyete ayisyèn lan epòk sa. Se konsa nan kòmansman gran vakans an 1982, Master Dji te pral lanse karyè li nan mizik ak yon grenn mizik rap ki rele "Vakans". Sosyete a ak kritik yo ta pral rekonèt mizik sa (Vakans) ki te gen vwa atis fanm Ayisyèn Sylvie D'Art sou li tou, kòm premye mizik rap kreyòl ki te anrejistre epi sòti sou radyo an Ayiti.

Malgre mizik sa pa t fè twò gwo siksè pwiske sosyete ayisyèn lan potko prè pou kategori mizik sa yo, sa ta pral kan menm ankouraje Master Dji pou li kontinye travay sou karyè li kòm chantè e rapè pandan li te toujou kenbe rèd kòm animatè radyo epi tou kòm diskdjokey (DJ). 

Fò m sinyale ke se Master Dji, kòm DJ, ki te òganize premye Block Party an Ayiti. Se te nan Delmas 65 nan ane 1984. Dji se premye moun tou ki fè konkou "break dance" an Ayiti nan lanne 1984-1985 nan Rex Teyat e li se premye moun Ki fè konkou DJ an Ayiti nan lanne 1987.
An 1984 Master Dji te anrejistre an fransè yon lòt mizik rap ki te rele Un Samedi Soir. 

Nan ane 1985,  Master Dji te rejwenn gwoup Kajou kòm yonn nan chantè ti gwoup mizik konpa nouvèl jenerasyon sa kèk jèn tankou Richard Dallemant te fonde nan Pòtoprens. Kajou te sòti yon plak ki gen 2 mizik, yonn man chak bò, "Vle Pa Vle" epi "Tèt Chaje". Avèk gwoup Kajou, Dji te chante yon mizik ki rele "Wale Kite m" ki te konn atire atansyon piblik la lè Kajou ap pèfòme.

Master Dji te patisipe tou kòm aktè nan Descent into Hell (Descente aux Enfers), yon film etranje ki te sòti an 1986. Yon bon pati nan film sa te jwe an Ayiti.



Aprè depa diktatè Jan Klod Divalye an 1986, Ayiti ta pral konnen yon gran evolisyon nan lide ak nan zafè atistik. Sa ta pral pèmèt Master Dji frekante anpil lòt jèn talan nan epòk sa a. 

Se konsa yon ti tan aprè, an 1987, Master Dji ta pral sòti grenn mizik ki rele *SISPANN* lan sou albòm albòm SHAP volim 1 an . Mizik sa ki se yon estil rap ak world beat pat pran tan pou l te vin yon gwo bout it. Siksè mizik sa te enspire Dji pou l kontinye travay epi pèfeksyone estil mizik li. An 1988, Dji sòti grenn mizik ki rele TANN POU TANN lan. Mizik sa te vin touswit yo gwo it. 

Malgre siksè li nan radyo ak nan mizik, Master Dji pa t deside kanpe la. Li te vle konkeri tout ang nan mond entètennment lan. Nan lane 1988 la, ak kolaborasyon Ralph Boncy, Marc Lubin, Giorgio, Fritz Gerald Calixte epi Raphaël Féquière, Dji ta pral fonde Tap Tap Magazine. Vit vit, magazin lan ta pral vann kon pate cho nan Pòtoprens pandan 3 ane. Pami tout rezon ki fè anpil jèn te fè foli pou Tap Tap Magazine, se sitou yon seksyon ladann ki te rele Les Refrains Qui Font Bouger ak yon lòt seksyon ki te rele Coins des Ondes. Premye seksyon an, yo te konn pibliye tout pawòl mizik ki ap mennen yo. Nan seksyon Coin des Ondes lan menm, yo te konn pibliye foto ak enfòmasyon pèsonèl sou yon animatè radyo ki ap mennen nan Pòtoprens lan.

Antretan, Master Dji te toujou ap travay sou karyè li nan mizik. An 1989, Dji antre Nouyòk epi ale nan estidyo kote li te travay sou plizyè nouvo mizik pou l te ka konplete anrejistreman premye albòm solo li te bay tit Politik pa m. 

Ak albòm sa (POLITIK PA M), Dji te ranpòte dezyèm plas Grand Prix des Medias nan konkou Dekouvèt jèn talan ke RFI te òganize nan lane 1989. Sou premye albòm sa, nou te jwenn mizik sa yo: Pou Timoun Yo, Nan nan nan, Chimen Paradi, Tann Pou Tann, Petite Fille des Tropiques, W'ale, epi Sispann. Li te sòti sou labèl Bwa Patat an Ayiti.


Sou tout estasyon radyo, nan tout kamyonnèt Kafou Fèy, nan baladè, tout jèn nan epòk la, mizik sou albòm sa tap jwe tout jounen. Anplis de « Sispann » ak « « Politik Pa m », lòt mizik sou albòm sa tankou « Tann pou tann ». « Petite fille des trottoirs », « Wale kite m », « Chimen paradi » pat sispann fè plezi melomàn yo nan tout vil an Ayiti. 

2 zan pita, swa an 1991, Master Dji ta pral repibliye menm albòm solo li an, fwa sa sou CD ak labèl Melody Makers. Pou l te ka rann albòm lan pi kòmèsyal, li te ajoute 2 mizik tou nèf ki se Cach Cach Lanmou ak House of Love sou sou 8 mizik sa ki te deja sou albòm Politik Pam lan. E li te senpleman mete Master Dji sou po CD a, san tit Politik Pam. Se pou sa, souvan nou jwenn moun ki rapòte enkòrèkteman ke Master te gen 2 albòm solo. An reyalite se jlus 2 trak bonis ke li te ajoute sou menm albòm POLITIK PAM lan lè lap tap remete l deyò ak yon nouvo labèl. 

An Mas 1991, gen yon estasyon radyo ki rele Tropic FM nan Pòtoprens ki rive sou kadran an sou frekans 91.3 FM. Bon son, bèl mizik tout rit, bon jan espòt, djengèl ak anpil efè sonò, Tropic FM ap bat moun. Master Dji retrouve l nan ekip la kòm direktè pwogramasyon epi li te anime 2 emisyon, yonn chak maten ki rele « Jungle tropicale » [dabò ak Lori Manuel epi anaprè ak Sophia Desir e Auditeur X (Audix) kòm ko-animatè]. Lòt emisyon an se te chak Samdi aprèmidi e tout Ayiti an branche Tropic FM pou koute « RAP Nation/Samedi en Folie », yon emisyon mizik varye, men sitou funk ak wòlbit (world beat) ak ipap Dji te konn anime. Mwen pat janm rate okazyon pou m koute andirèk depi Gonayiv emisyon sa. Lè pa gen kouran, mwen te konn achte pil epi ak kèk bon zanmi, mwen te konn fè baz anba galri lakay mwen pou nou koute nouvo mizik e kèk talan ki tap emèje.


Se sitou  a travè emisyon Rap Nation epi  Samedi en Folie Master Dji te pral louvri mikro pou plizyè ti jèn nan lane 1991, 1992 ak 1993 ki te anvi vin rapè oubyen chantè mizik raga pou yo te montre talan yo. Mwen sonje yonn nan fwa BOP te patisipe nan Samedi en Folie, li te freestyle yon mizik ki rele "A la Mode de Chez Nous" 

An 1992, Master Dji itilize estidyo pwodiksyon Radio Tropic FM pou fè kèk ti jèn li te dekouvri epi estime ki te gen talan nan epòk sa anrejistre premye albòm mikstép mizik rap ak ragga kreyòl ke Dji li menm te voye bay plizyè radyo an Ayiti.

Sou premye mikstep sa, Ayiti ta pral dekouvri yonn nan premye gwo rapè Ayisyen ki se Teddy Fresh ki te rape 2 mizik sou mikstep sa (seropozitif epi Boone Boone Boone). Sou menm mikstep sa, Master Dji te sèlman rape yon sèl mizik ki te gen pou tit "Tèt chaje". Te gen tou sou premye kasèt sa lòt talan nòmal tankou Elylrac, Frantzy Jamaican, Supa Deno & T-Bird, Trezò, Jah Yeye, Mikanor, epi ti gwoup ke Top Adlerman te ladann alepòk, etc... Malerezman yon ti tan aprè mikstep la te sòti Master Dji te oblije radye Teddy Fresh pami mesye yo aprè yon ensidan malere pandan retransmisyon an dirèk sou TNH ki te pwouve Teddy te derespektan anpil.

Nan mitan tout ti jèn alepòk, ti albòm mikstép sa fè tèlman siksè, toudenkou tout timoun, tout jèn te gentan gen foli rapè. M pap kache di nou ke mwen menm tou te pran viris rap la. M te menm gentan gen non rapè m Power Zo. Donk avan m te vin Mingolove, m te Power Zo. Men akoz de paran m ki pa t vle, m te oblije boule foli sa.


Fòk m raple tou ke premye espektak ke rapè ak chantè ki te sou mikstep la te fè an piblik, se te nan oditoriyòm Kolèj Sen Lwi Gonzag lavil la an 1992???  Anndan oditoriyòm lan te plen tankou ze. Jenès la ki te swaf anbyans sa fete, monte sou chèz, ponpe... se te yon evènman san parèy ki te montre ti mesye Master Dji ak rapè e chantè ragga ke piblik la te anvi anbyans sa.

Gwo bout siksè ti albòm mikstép sa te fè ta pral fè Master Dji reyalize jenés la swaf yon nouvo son, sitou nan epòk sa te gentan gen plizyè atis rege jamayiken ak kèk atis rap fransè tankou Mc Solar, Tonton David, King Daddy Yod ki tap mennen epi mizik yo t ap pase tout tan sou plizyè radyo an Ayiti. Dabò Master Dji fonde Rap Kreyòl SA ki te dwe yon labèl pou pwodui e pwomote mizik rap ak ragga Ayisyen. 

Ebyen aprè tout fenomèn ti mikstep sa fè, Master chwazi kèk nan mesye ki te plis gen talan ak disiplin ki te avèk li yo pou li anrejistre yon vrè albòm. Pou yon rezon nou inyore, lè Dji te deside anrejistre albòm sa, li pa t fè apèl ak plizyè nan talan ki te sou mikstep la.

Master Dji te chwazi Supa Deno, T-Bird, Elylrac, Frantzy Jamaican, MC Storm, Trezò (yon ti gwoup ki te gen BOP, MC G, ladann) pou l fonde gwoup Haiti Rap & Ragga. Touswit yo te antre nan estidyo epi anrejistre premye "vrè" albòm rap ak ragga Kreyòl sou tit "Match la rèd".

Albòm "Match la rèd" la te sòti nan fen ane 1993. Epi menm kote a, tankou yon tanpèt, li anvayi moun. 

Mizik "Conscience noire", “Match la rèd”, “Manmzèl”, “Religion”, "Nègès lakay", "Sa fè m mal" te nan bouch timoun kon jèn. Nou te retwouve prezans Master Dji nan 3 mizik sou albòm sa, Manmzèl li te chante ak Supa Deno, Match la rèd ki gen patisipasyon tout gwoup la epi "Tèt  Chaje" ki se menm mizik li te sòti an 1984 sou tit "Un Samedi Soir" ke Dji te reprann sou albòm Haiti Rap & Ragga a sou nouvo tit "Tèt Chaje."

Touswit aprè sòti albòm lan, bwi kòmanse kouri ki di Master Dji malad epi eta sante li te kontinye dejenere. Sa pa t anpeche pou otan Master Dji te toujou kontinye anime emisyon radyo li epi menm pèfòme kèk kote ak Haiti Rap & Ragga. Li anrejistre 2 videyo ak gwoup la, videyo "Match la rèd" la epi answit videyo "Manmzèl" la li te anrejistre an dirèk pandan yon pèfomans gwoup Haiti rap & ragga. 

Finalman, sante Master Dji te vin pat pèmèt li ditou. Li te ale pran refij li lakay Manmi Sita (Madan Gaston) ki se matant e manman adoptif li. E se la ke Master Dji mouri Samdi 21 me 1994, alòske li te 9 jou pou li te gen 33 zan.

Gwo bri kouri ke se maladi sida ki touye li.

Men kèkleswa rezon lanmò an, Master Dji rete yonn nan pi gwo atis polivalan, yonn nan pi gran animatè ke peyi Dayiti bay; san nou pa bliye tou ke Master Dji te powèt, jounalist kiltirèl, DJ, dansè, aktè, prezantatè nan TV (Tele Haiti), pwomotè espektak e fondatè (papa) Rap Kreyòl.

M vle raple ke jou fineray Master Dji, tout Pòtoprens te tris. Elèv lekòl ak dlo nan je te ale swiv posesyon an, fanatik kon atis tap kriye, anpil moun pran kriz. Moun t ap bouskile yonn lòt pou yo te ka sèlman touche sèkèy la. Zanmi, fanmi, kolaboratè e konfrè laprès Master Dji yo te enkonsolab. 

Gwoup rap Haiti Rap & Ragga ke Master Dji te fonde te sòti yon grenn mizik omaj a lejand lan kèk jou a an fineray la kote yo te sèvi ak koral mizik W' ALE ki te sou albòm solo Master Dji a pou yo te fè mizik omaj sa. Francois Emmanuel Courtois Elyrac, Frantz Dorvil Frantzy Jamaican, BOP, Supa Denot te byen depoze sou mizik sa ki te rele W ALE KITE N

25 lane aprè, nou pa janm ka bliye potorik gason sa ki te enpoze Rap kreyòl bay moun an Ayiti e ki te ede anpil jèn etale talan yo. 



KREDI:
Otè: Miguel Romain ( Mingolove Romain)
Rechèck ak redaksyon tèks la
Foto : Sous enkoni (nou pa konn ki fotograf ki te fè l)

Lòt moun ki kontribye nan enfòmasyon yo: Christophe Christopher Simeon , Ralph Delly,  Marc Exavier, Alex Abellard ak Eliacim Abolassen