MASTER DJI: Biyografi yon Lejand
(Tèks ekri pa Mingolove Romain)
Georges Lys Hérard ke tout moun ta pral konnen pita sou non "Master Dji" fèt 30 me 1961 nan vil Pòtoprens an Ayiti. Li se pitit Antoine Rodolphe Hérard ki te majistra Pòtoprens pandan yon ti tan sou Francois Duvalier. Papa Master Dji (Antoine Rodolphe Hérard) te sitou yon gwo animatè e repòtè (foutbòl) trè popilè nan Radio HH2S (Ayiti) ant 1936 e 1940, epi answit animatè e pwopriyetè Radio Pòtoprens (Ayiti) a pati de 1942. Radyo Pòtoprens se te estasyon ki te fè anpil pwopagann pou Francois Duvalier nan eleksyon 1957.
Master
Dji, ke tout Ayiti rekonèt kòm papa rap kreyòl, te grandi nan yon
atmosfè ki te pèmèt li devlope pasyon li pou mizik. Pwiske Radyo
Pòtoprens se te pou papa l, sa te pèmèt ke, trè jèn, Master Dji te
kòmanse montre enterè nan zafè animasyon nan radyo.
Master
Dji te kòmanse anime nan radyo a laj 16 zan. Se te nan Radio Pòtoprens
an 1977 avèk yon emisyon ki te rele "Made in USA". Depi lè sa a li te
gentan branche tout tandans mizik ameriken.
Se
Master Dji ki te premye jwe mizik rap ameriken sou radyo an Ayiti. Sa
te pase an 1979 e se te mizik ki rele "Rapper Delight" ke gwoup Sugar
Hill Gang te fè.
Apre
etid primè ak segondè li nan Enstitisyon Senlwi Gonzag, Master Dji te
antre nan Fakilte Medsin an Ayiti, men se te sitou pou fè paran li plezi
paske se pa sa vrèman li te renmen. Aprè yon lane nan Fakilte Medsin,
Master Dji te kite Ayiti pou l al pouswiv etid li an Frans. Men obsesyon
li pou mizik ak radyodifizyon ta pral mennen Dji dwat nan mikwofòn
Radyo Nova (an Frans) kote li te anime yon emisyon mizik.
Eksperyans
Master Dji nan Radyo Nova ta pral konekte li plis ak tout kalite mizik,
sitou mizik disko, ròkennwòl epi tou mizik rap/ipap ameriken.
Pandan li te an Frans, Master Dji te gen chans kolabore tou ak Radio Afrique # 1
Lè
Master Dji retounen vin viv an Ayiti an 1983 li te anime emisyon WAML
(With All My Love) nan Radyo Pòtoprens epi answit nan Radyo Metropòl
kote nan yon premye tan li te konn kenbe pou JC International (Jean
Camille) lè JC konn an vakans. Se te sèl animatè ki te konn ap DJ tou an
dirèk pandan emisyon li. Tout gwo hit ipap, disko, fonk, wòkennròl nan
epòk la, ou te ka tande yo nan emsyon Dji a. Pandan li te Ayiti, li te
kolabore ak Radyo Frans Entènasyonal (RFI) e li te konn prezante yon
emisyon pre-anrejistre sou Radio Kiss FM ki nan Nouyòk.
Malgre
epòk sa yo se mizik konpa, chansonèt fransèz, bolero, merenge ak mizik
eslo ameriken ki te pi popilè an Ayiti, anpil jèn te gentan kòmanse fè
foli pou lòt ritm tankou rege, ròkennwòl ak rap ameriken. Dji pa t ezite
chache yon pè odas mete sou yon talan ak vizyon li pou li te brize
limit sosyete ayisyèn lan epòk sa. Se konsa nan kòmansman gran vakans an
1982, Master Dji te pral lanse karyè li nan mizik ak yon grenn mizik
rap ki rele "Vakans". Sosyete a ak kritik yo ta pral rekonèt mizik sa
(Vakans) ki te gen vwa atis fanm Ayisyèn Sylvie D'Art sou li tou, kòm
premye mizik rap kreyòl ki te anrejistre epi sòti sou radyo an Ayiti.
Malgre
mizik sa pa t fè twò gwo siksè pwiske sosyete ayisyèn lan potko prè pou
kategori mizik sa yo, sa ta pral kan menm ankouraje Master Dji pou li
kontinye travay sou karyè li kòm chantè e rapè pandan li te toujou kenbe
rèd kòm animatè radyo epi tou kòm diskdjokey (DJ).
Fò
m sinyale ke se Master Dji, kòm DJ, ki te òganize premye Block Party an
Ayiti. Se te nan Delmas 65 nan ane 1984. Dji se premye moun tou ki fè
konkou "break dance" an Ayiti nan lanne 1984-1985 nan Rex Teyat e li se
premye moun Ki fè konkou DJ an Ayiti nan lanne 1987.
An 1984 Master Dji te anrejistre an fransè yon lòt mizik rap ki te rele Un Samedi Soir.
Nan
ane 1985, Master Dji te rejwenn gwoup Kajou kòm yonn nan chantè ti
gwoup mizik konpa nouvèl jenerasyon sa kèk jèn tankou Richard Dallemant
te fonde nan Pòtoprens. Kajou te sòti yon plak ki gen 2 mizik, yonn man
chak bò, "Vle Pa Vle" epi "Tèt Chaje". Avèk gwoup Kajou, Dji te chante
yon mizik ki rele "Wale Kite m" ki te konn atire atansyon piblik la lè
Kajou ap pèfòme.
Master
Dji te patisipe tou kòm aktè nan Descent into Hell (Descente aux
Enfers), yon film etranje ki te sòti an 1986. Yon bon pati nan film sa
te jwe an Ayiti.
Aprè
depa diktatè Jan Klod Divalye an 1986, Ayiti ta pral konnen yon gran
evolisyon nan lide ak nan zafè atistik. Sa ta pral pèmèt Master Dji
frekante anpil lòt jèn talan nan epòk sa a.
Se
konsa yon ti tan aprè, an 1987, Master Dji ta pral sòti grenn mizik ki
rele *SISPANN* lan sou albòm albòm SHAP volim 1 an . Mizik sa ki se yon
estil rap ak world beat pat pran tan pou l te vin yon gwo bout it. Siksè
mizik sa te enspire Dji pou l kontinye travay epi pèfeksyone estil
mizik li. An 1988, Dji sòti grenn mizik ki rele TANN POU TANN lan. Mizik
sa te vin touswit yo gwo it.
Malgre
siksè li nan radyo ak nan mizik, Master Dji pa t deside kanpe la. Li te
vle konkeri tout ang nan mond entètennment lan. Nan lane 1988 la, ak
kolaborasyon Ralph Boncy, Marc Lubin, Giorgio, Fritz Gerald Calixte epi
Raphaël Féquière, Dji ta pral fonde Tap Tap Magazine. Vit vit, magazin
lan ta pral vann kon pate cho nan Pòtoprens pandan 3 ane. Pami tout
rezon ki fè anpil jèn te fè foli pou Tap Tap Magazine, se sitou yon
seksyon ladann ki te rele Les Refrains Qui Font Bouger ak yon lòt
seksyon ki te rele Coins des Ondes. Premye seksyon an, yo te konn
pibliye tout pawòl mizik ki ap mennen yo. Nan seksyon Coin des Ondes lan
menm, yo te konn pibliye foto ak enfòmasyon pèsonèl sou yon animatè
radyo ki ap mennen nan Pòtoprens lan.
Antretan,
Master Dji te toujou ap travay sou karyè li nan mizik. An 1989, Dji
antre Nouyòk epi ale nan estidyo kote li te travay sou plizyè nouvo
mizik pou l te ka konplete anrejistreman premye albòm solo li te bay tit
Politik pa m.
Ak albòm
sa (POLITIK PA M), Dji te ranpòte dezyèm plas Grand Prix des Medias nan
konkou Dekouvèt jèn talan ke RFI te òganize nan lane 1989. Sou premye
albòm sa, nou te jwenn mizik sa yo: Pou Timoun Yo, Nan nan nan, Chimen
Paradi, Tann Pou Tann, Petite Fille des Tropiques, W'ale, epi Sispann.
Li te sòti sou labèl Bwa Patat an Ayiti.
Sou
tout estasyon radyo, nan tout kamyonnèt Kafou Fèy, nan baladè, tout jèn
nan epòk la, mizik sou albòm sa tap jwe tout jounen. Anplis de «
Sispann » ak « « Politik Pa m », lòt mizik sou albòm sa tankou « Tann
pou tann ». « Petite fille des trottoirs », « Wale kite m », « Chimen
paradi » pat sispann fè plezi melomàn yo nan tout vil an Ayiti.
2
zan pita, swa an 1991, Master Dji ta pral repibliye menm albòm solo li
an, fwa sa sou CD ak labèl Melody Makers. Pou l te ka rann albòm lan pi
kòmèsyal, li te ajoute 2 mizik tou nèf ki se Cach Cach Lanmou ak House
of Love sou sou 8 mizik sa ki te deja sou albòm Politik Pam lan. E li te
senpleman mete Master Dji sou po CD a, san tit Politik Pam. Se pou sa,
souvan nou jwenn moun ki rapòte enkòrèkteman ke Master te gen 2 albòm
solo. An reyalite se jlus 2 trak bonis ke li te ajoute sou menm albòm
POLITIK PAM lan lè lap tap remete l deyò ak yon nouvo labèl.
An
Mas 1991, gen yon estasyon radyo ki rele Tropic FM nan Pòtoprens ki
rive sou kadran an sou frekans 91.3 FM. Bon son, bèl mizik tout rit, bon
jan espòt, djengèl ak anpil efè sonò, Tropic FM ap bat moun. Master Dji
retrouve l nan ekip la kòm direktè pwogramasyon epi li te anime 2
emisyon, yonn chak maten ki rele « Jungle tropicale » [dabò ak Lori
Manuel epi anaprè ak Sophia Desir e Auditeur X (Audix) kòm ko-animatè].
Lòt emisyon an se te chak Samdi aprèmidi e tout Ayiti an branche Tropic
FM pou koute « RAP Nation/Samedi en Folie », yon emisyon mizik varye,
men sitou funk ak wòlbit (world beat) ak ipap Dji te konn anime. Mwen
pat janm rate okazyon pou m koute andirèk depi Gonayiv emisyon sa. Lè pa
gen kouran, mwen te konn achte pil epi ak kèk bon zanmi, mwen te konn
fè baz anba galri lakay mwen pou nou koute nouvo mizik e kèk talan ki
tap emèje.
Se sitou a
travè emisyon Rap Nation epi Samedi en Folie Master Dji te pral louvri
mikro pou plizyè ti jèn nan lane 1991, 1992 ak 1993 ki te anvi vin rapè
oubyen chantè mizik raga pou yo te montre talan yo. Mwen sonje yonn nan
fwa BOP te patisipe nan Samedi en Folie, li te freestyle yon mizik ki
rele "A la Mode de Chez Nous"
An
1992, Master Dji itilize estidyo pwodiksyon Radio Tropic FM pou fè kèk
ti jèn li te dekouvri epi estime ki te gen talan nan epòk sa anrejistre
premye albòm mikstép mizik rap ak ragga kreyòl ke Dji li menm te voye
bay plizyè radyo an Ayiti.
Sou
premye mikstep sa, Ayiti ta pral dekouvri yonn nan premye gwo rapè
Ayisyen ki se Teddy Fresh ki te rape 2 mizik sou mikstep sa (seropozitif
epi Boone Boone Boone). Sou menm mikstep sa, Master Dji te sèlman rape
yon sèl mizik ki te gen pou tit "Tèt chaje". Te gen tou sou premye kasèt
sa lòt talan nòmal tankou Elylrac, Frantzy Jamaican, Supa Deno &
T-Bird, Trezò, Jah Yeye, Mikanor, epi ti gwoup ke Top Adlerman te ladann
alepòk, etc... Malerezman yon ti tan aprè mikstep la te sòti Master Dji
te oblije radye Teddy Fresh pami mesye yo aprè yon ensidan malere
pandan retransmisyon an dirèk sou TNH ki te pwouve Teddy te derespektan
anpil.
Nan mitan tout ti
jèn alepòk, ti albòm mikstép sa fè tèlman siksè, toudenkou tout timoun,
tout jèn te gentan gen foli rapè. M pap kache di nou ke mwen menm tou te
pran viris rap la. M te menm gentan gen non rapè m Power Zo. Donk avan m
te vin Mingolove, m te Power Zo. Men akoz de paran m ki pa t vle, m te
oblije boule foli sa.
Fòk
m raple tou ke premye espektak ke rapè ak chantè ki te sou mikstep la
te fè an piblik, se te nan oditoriyòm Kolèj Sen Lwi Gonzag lavil la an
1992??? Anndan oditoriyòm lan te plen tankou ze. Jenès la ki te swaf
anbyans sa fete, monte sou chèz, ponpe... se te yon evènman san parèy ki
te montre ti mesye Master Dji ak rapè e chantè ragga ke piblik la te
anvi anbyans sa.
Gwo bout
siksè ti albòm mikstép sa te fè ta pral fè Master Dji reyalize jenés la
swaf yon nouvo son, sitou nan epòk sa te gentan gen plizyè atis rege
jamayiken ak kèk atis rap fransè tankou Mc Solar, Tonton David, King
Daddy Yod ki tap mennen epi mizik yo t ap pase tout tan sou plizyè radyo
an Ayiti. Dabò Master Dji fonde Rap Kreyòl SA ki te dwe yon labèl pou
pwodui e pwomote mizik rap ak ragga Ayisyen.
Ebyen
aprè tout fenomèn ti mikstep sa fè, Master chwazi kèk nan mesye ki te
plis gen talan ak disiplin ki te avèk li yo pou li anrejistre yon vrè
albòm. Pou yon rezon nou inyore, lè Dji te deside anrejistre albòm sa,
li pa t fè apèl ak plizyè nan talan ki te sou mikstep la.
Master
Dji te chwazi Supa Deno, T-Bird, Elylrac, Frantzy Jamaican, MC Storm,
Trezò (yon ti gwoup ki te gen BOP, MC G, ladann) pou l fonde gwoup Haiti
Rap & Ragga. Touswit yo te antre nan estidyo epi anrejistre premye
"vrè" albòm rap ak ragga Kreyòl sou tit "Match la rèd".
Albòm "Match la rèd" la te sòti nan fen ane 1993. Epi menm kote a, tankou yon tanpèt, li anvayi moun.
Mizik
"Conscience noire", “Match la rèd”, “Manmzèl”, “Religion”, "Nègès
lakay", "Sa fè m mal" te nan bouch timoun kon jèn. Nou te retwouve
prezans Master Dji nan 3 mizik sou albòm sa, Manmzèl li te chante ak
Supa Deno, Match la rèd ki gen patisipasyon tout gwoup la epi "Tèt
Chaje" ki se menm mizik li te sòti an 1984 sou tit "Un Samedi Soir" ke
Dji te reprann sou albòm Haiti Rap & Ragga a sou nouvo tit "Tèt
Chaje."
Touswit aprè sòti
albòm lan, bwi kòmanse kouri ki di Master Dji malad epi eta sante li te
kontinye dejenere. Sa pa t anpeche pou otan Master Dji te toujou
kontinye anime emisyon radyo li epi menm pèfòme kèk kote ak Haiti Rap
& Ragga. Li anrejistre 2 videyo ak gwoup la, videyo "Match la rèd"
la epi answit videyo "Manmzèl" la li te anrejistre an dirèk pandan yon
pèfomans gwoup Haiti rap & ragga.
Finalman,
sante Master Dji te vin pat pèmèt li ditou. Li te ale pran refij li
lakay Manmi Sita (Madan Gaston) ki se matant e manman adoptif li. E se
la ke Master Dji mouri Samdi 21 me 1994, alòske li te 9 jou pou li te
gen 33 zan.
Gwo bri kouri ke se maladi sida ki touye li.
Men
kèkleswa rezon lanmò an, Master Dji rete yonn nan pi gwo atis
polivalan, yonn nan pi gran animatè ke peyi Dayiti bay; san nou pa bliye
tou ke Master Dji te powèt, jounalist kiltirèl, DJ, dansè, aktè,
prezantatè nan TV (Tele Haiti), pwomotè espektak e fondatè (papa) Rap
Kreyòl.
M vle raple ke
jou fineray Master Dji, tout Pòtoprens te tris. Elèv lekòl ak dlo nan je
te ale swiv posesyon an, fanatik kon atis tap kriye, anpil moun pran
kriz. Moun t ap bouskile yonn lòt pou yo te ka sèlman touche sèkèy la.
Zanmi, fanmi, kolaboratè e konfrè laprès Master Dji yo te enkonsolab.
Gwoup
rap Haiti Rap & Ragga ke Master Dji te fonde te sòti yon grenn
mizik omaj a lejand lan kèk jou a an fineray la kote yo te sèvi ak koral
mizik W' ALE ki te sou albòm solo Master Dji a pou yo te fè mizik omaj
sa. Francois Emmanuel Courtois Elyrac, Frantz Dorvil Frantzy Jamaican,
BOP, Supa Denot te byen depoze sou mizik sa ki te rele W ALE KITE N
25
lane aprè, nou pa janm ka bliye potorik gason sa ki te enpoze Rap
kreyòl bay moun an Ayiti e ki te ede anpil jèn etale talan yo.
KREDI:
Otè: Miguel Romain ( Mingolove Romain)
Rechèck ak redaksyon tèks la
Foto : Sous enkoni (nou pa konn ki fotograf ki te fè l)
Lòt
moun ki kontribye nan enfòmasyon yo: Christophe Christopher Simeon ,
Ralph Delly, Marc Exavier, Alex Abellard ak Eliacim Abolassen

%20-%202025-08-24T125532.954.jpeg)
%20-%202025-08-24T125329.490.jpeg)
%20-%202025-08-24T125504.043.jpeg)

.jpg)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire